-
Explosion spectaculaire de la fusée Starship de SpaceX au Texas
Le 18 juin 2025, la fusée expérimentale Starship 36 de SpaceX a explosé en boule de feu lors d’un test
-
Yon goriy kont 100 gason, kiyès ou panse ki ta genyen batay la?
Fòs ak Kapasite Yon Goriy Goriy yo se bèt ki genyen yon fòs ekstraòdinè. Yon goriy mal ka
-
Jij Federal Talwani Pran Yon Lòt Desizyon Pou Bloke Trump sou Pwogram Travay Imanitè CHNV.
Jij Federal Indira Talwani mete yon blòk sou kèk aksyon administrasyon Trump lan te pran kont pwogram paròl
- Explosion spectaculaire de la fusée Starship de SpaceX au Texas
- Yon goriy kont 100 gason, kiyès ou panse ki ta genyen batay la?
- Jij Federal Talwani Pran Yon Lòt Desizyon Pou Bloke Trump sou Pwogram Travay Imanitè CHNV.
Jij Federal Indira Talwani mete yon blòk sou kèk aksyon administrasyon Trump lan te pran kont pwogram paròl imanitè yo. Men li enpòtan pou kominote imigran yo konprann ke desizyon sa a pa final, e li poko garanti okenn chanjman pèmanan.
Desizyon an soti pandan gen anpil imigran, sitou Ayisyen, k ap resevwa lèt ki revoke estati paròl yo. Jij la fè konnen ke fason gouvènman an ap mete fen kolektivman nan paròl imanitè pa parèt legal, paske lwa imigrasyon mande pou chak ka trete endividyèlman.
Sa se dezyèm fwa nan ane 2025 ke Jij Talwani mete an kesyon aksyon Trump lan. Premye fwa a te 14 avril kote li te bloke revokasyon global CHNV la. Koulye a, li mete presyon sou gouvènman an pou rekòmanse trete aplikasyon ak renouvèlman, men se pa yon lòd final se toujou nan pwosesis legal.
Tout sa vle di: poko gen okenn garanti ke tout moun ap kapab travay, renouvle estati yo, oswa antre nan peyi a. Sa pral depann de sa lòt tribinal pral di nan semèn ak mwa k ap vini yo.