Le discours du premier ministre Jean Henry Céant

0
258

Pèp Ayisyen, konpatriyòt nan tout 4 kwen peyi a, konpatriyòt ki nan dyaspora a, Frèm ak Sèm yo ;
Sa fè 10 jou depi peyi a ap viv yon moman difisil, yon moman ki bay anpil kè sote ;
Sa fè 10 jou depi timoun yo paka ale lekòl, lopital yo paka bay laswenyay, gwo biznis ak ti biznis paka fonksyone ;
Sa fè 10 jou tou depi Leta ap pèdi anpil lajan. An menm tan tou, popilasyon an soufri anpil. Akòz wout ki bare, li paka jwenn dlo potab, li paka jwen manje, li paka jwenn gaz, li prèske pa jwenn kouran. Tout sa ki ka mennen nou dirèk dirèk nan yon grav kriz imanitè ;
Sa fè 10 jou depi kèk nan frè ak sè nou yo ap pèdi lavi yo nan sikonstans ki revòlte nou tout. Se avèk anpil kè sere m’ap pwofite voye senpati m pou tout kategori moun, espesyalman polisye ki tonbe yo.
Kòm papa pitit ki konn doulè paran, mwen voye yon panse espesyal pou manman jenn ti gason sa a, Roberto Badjo THELUSMA ki mouri devan lopital jeneral pandan li t’ap ede manman li nan ti aktivite komès li. Si m tounen 40 lane annaryè, mwen sonje tou kijan m te konn ede manman m nan komès vyann li t konn fè nan mache Kwabosal. Men Jodia mwen se Premye Minis, kidonk, pèsonn pa konnen kisa Roberto Badjo Thelusma te ka vin ye nan peyi sa a.
Dènye tan sa yo, anpil revandikasyon eksprime. Mwen pran nòt ke nou te sòti pou manifeste kont lavichè, nou mande kont sou lajan Petwo Karibe ak koze kòripsyon nan Leta ;
Nou te sòti pou mande travay, pou di dezakò nou ak dola a k ap monte tèt nèg, ak lamizè k ap taye banda toupatou. Mwen menm ak tout manb Gouvènman an, nou tande vwa nou, nou tande rèl nou, nou konprann kòlè ak endiyasyon nou.
Opozisyon pliryèl la te soti pou eksprime dezako li ak gouvènans peyi a. Pèp la fè tande vwa li san li pa sibi represyon, e dirijan yo konprann nesesite pou bay swit ak revandikasyon pèp la. M’ap pwofite felisite Polis nasyonal la pou pwofesyonalism ak matirite li. E mwen mande yo kontinye pwoteje lavi chak grenn sitwayen, sekirize lekòl yo, biznis yo elatriye. Mesye Dam, chapo ba !

Men yon lòt kote, nan jou ki pase yo, gen anpil dezòd ki merite kondane. Moun ki pèdi lavi yo, Magazen ki pran dife, ponp gaz ki boule, vit machin ki kraze, ti biznis ki fè fayit. Tout sa lakòz anpil jèn, anpil moun nan klas mwayenn nan pèdi lespwa nan peyi a.
Nan jou ki sot pase yo, anpil resòtisan peyi zanmi nou yo te oblije kite peyi a. Se yon move nòt pou nou sou sèn entènasyonal la. Pandan nap mande touris antre nan peyi a, nou pa kapab kontinye voye move siyal pou pèsonn pa anvi vini vizite nou. Nou kondane zak malonèt kote yon sitwayen te souye drapo peyi zanmi nou Lèzetazini. Nou kondane atak ki fèt sou Anbasad peyi zanmi tankou Pewou ak Itali. Bagay sa yo pa bon ditou e yo pa fè lonè ak fyète Nasyon an …
Nou konstate ke nan moman malè pandye sou peyi a, pèsonn pa epanye! Nou tout soufri! Nou tout nan lapenn! Pèsonn pa ka fonksyone!Se poutèt sa, m’ap di nou, sektè prive, lidè politik, sosyete sivil, lajenès, Petwotchalenndjè, dyaspora, ti machann, etidyan, lidè relijye pa gen tan ankò ! Jou prèske bare nou. Fòk nou fokis sou nannan pwoblèm nan.

Kisa ki eksplike dram peyi a ap viv jounen jodi a?
Poukisa nou nan tout pwoblèm sa yo ? Poukisa nou pa janm ka jwenn solisyon ? Pèp Ayisyen! Frèm ak sè m yo!
Dram n’ap viv jounen jodia pa parèt pou kont li. Li pa yon ka pèdi nonplis. Kidonk, se yon bagay nou ka eksplike. Lè nou fouye nan Listwa Peyi a, nou rann nou kont se paske depi lontan, nou refize chita pou nou poze pwoblèm viv ansanm nan. Nou refize chita gade youn lòt nan je pou nou poze pwoblèm fondalnatal peyi a :
Pwoblèm kòripsyon k’ap gangrennen Leta a ;
Pwoblèm richès peyi a ki pa byen separe ;
Pwoblèm move gouvènans ki gen nan Leta a;
Mezanmi peyi a divize ! E se pa jodia ! Milat yon bò nèg nwa yon lòt bò ; moun rich nan yon kan moun pòv kanpe anfas ; moun lavil kanpe agòch moun andeyò kanpe adwat ; moun ki nan peyi a se youn moun ki nan dyaspora a se yon lòt … Divizyon toupatou ! Ki sosyete ki ka mache konsa ?
Jodia, bò kote Prezidan an, mwen angaje m pi plis ke anvan. Misyon m se batay pou rekonsilye nou youn ak lòt, rekoud tout moso ki chire yo, pou Tidjo ak Gòldennberg kapab chita pale. Yon chita pale sou abitraj Leta pou nou ansanm, deside ki kote n ap mennen peyi a. Paske, li klè ke malgre tout diferans ki genyen antrenou, desten nou tout fè yon sèl.
Nou tèlman rate okazyon pou nou poze pwoblèm yo e rezoud yo yon fwa pou tout sa lakòz ke sa nou pa rezoud ayè eklate nan figi nou jodia. Nou sonje 6-7 jiyè 2018 ? Nou sonje sa k te pase ?
Pèp la te raple nou ke nou dwe chita pou pote chanjman nan lavi li. Li te voye yon mesaj fò bay tout elit yo, elit politik ak ekonomik peyi a an patikilye. Mesaj pèp la te klè. Li te di ke l pa kapab ankò, menmjan Junior yon jenn Ayisyen lamizè ap tizonnen, te raple nou sa lòtrejou ankò sou rezo sosyal yo ak nan radyo. Junior, vwa w pale pou tout jenès la.
Se poutèt sa, nou te mache nan 10 Depatman peyi a nan sousi pou lavil kontre ak andeyò, pou lide tout kategori moun, ak tout sektè kontre, nan objektif pou nou tabli ansanm yon Pak Pou n Byen Gouvènen Peyi a.
Anpil anpil jefò fèt. Men bagay la pa fasil. Pwosesis la poko fin abouti. Men fòk nou dakò akalmi nou te gen nan fen lane 2018 jouk rive 7 fevriye 2019 la, se prèv si nou chita pale yonn ak lòt n ap rive fè lapè ak estabilite blayi. Yon fason pou n poze epi rezoud vrè pwoblèm ekonomik yo.
Pandan n ap pran angajman pou nou kontinye pale san fòs kote, fòk nou pa janm sispann goumen kont yonn nan pi gwo lènmi peyi sa a ki se kòripsyon.
Pwosè PetwoKaribe a ap fèt wè pa wè ! Se yon angajman mwen te pran depi nan Deklarasyon Politik Jeneral mwen. Jodia map pran agajman ankò devan pèp Ayisyen an pou ede chèche Kòb Petwokaribe a. Fòk kòb leta itilize pou byennèt tout pitit peyi a.
Fòk gen egzanp ki trase sou tout moun ki vòlè lajan Leta a. Lajan Pèp Ayisyen an dwe sèvi Pèp Ayisyen !
Nan sousi transparans, m ap raple mwen fè pibliye tout rezolisyon PetwoKaribe yo. Sa itil anpil nan bay pèp la bon jan zouti pou li pi byen konprann kisa ki dosye PetwoKaribe a. Ki moun nan Leta ki gen dwèt yo tranpe ladann, ki enstitisyon piblik kou prive ki enplike. Volonte pou fè limyè sou jesyon lajan sa a, te mennen m bay Lakoudèkont jarèt pou anyen pa t anpeche yo remèt rapò odit la. Finalman, gras ak rapò pasyèl sa a, Leta ayisyen pote plent ofisyèlman kont moun ki sispèk nan detounen lajan pèp la.
Tout aksyon sa yo, se pou ede jwenn repons ak gwo kesyon sa a jenès peyi a ap poze depi ane pase a : « Kot Kòb PetwoKaribe a ? » Mwen bay nou garanti kesyon sa p ap rete san repons. Yon gwo egzanp ap resi trase nan peyi sa !
10 dènye jou sa yo mwen ak tout manm gouvènman an nou travay anpil. Sa fè n mande tèt nou èske kriz nou ap travèse a pa genyen yon opòtinite ladan l. Opòtinite pou nou gade tèt nou nan glas epi refonde sosyete a sou baz ki pi solid.
Se nan moman kriz, kriz malouk sa yo sosyete yo pran tout dispozisyon pou koupe fache ak tout sa ki anpeche yo make pwen kòmsadwa.
Malgre tout difikilte ki genyen sou pwosesis dyalòg ki te tanmen depi nan mwa desanm nan, li klè, jiskaprezan nou gen yon sèl altènativ : Dyalòg la se sèl vrè chimen an.
Pandan n ap kontinye fè sakrifis pou dyalòg la rapousuiv epi abouti, fòk nou kontinye viv, se poutèt sa, Gouvènman m ap dirije a pran anpil desizyon.
Pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an, aprè plizyè Konsèy Gouvènman, mwen menm ak tout minis yo, gen anpil kalte mezi nou deside pran.

Annatandan Minis yo vin bay plis detay sou mezi prese prese yo, me ansanm mezi global nou deside pran yo:

Premyè desizyon : Koupe bidjè Laprimati de 30% pandan n ap sigjere Laprezidans ak Palman an fè menmjan an.
Retire tout privilej ki pa nesesè nan men gran fonksyonè Leta yo (Tankou frè gaz, kat telefòn, vwayaj initil aletranje, kantite konsiltan sou dosye yo…).

Rekonsidere zafè Dezyèm Rezidans lan.

Ekonomi sa yo ap pèmèt pa egzanp nou ranfòse pouvwa jidisyè a nan ba li plis mwayen pou fasilite aboutisman pwosè Petwokaribe a.

Dezyèm desizyon nou kwè k ap pèmèt Leta jwenn plis kòb pou bay plis sèvis : nou mande prese-prese Kou Siperyè Dèkont pou fè Odit tout antrepriz otonòm Leta yo, yon mannyè pou nou chèche tout kòb Leta ki detounen, sa ki ap ede nou bay popilasyon an bonjan sèvis, an menm tan nap voye je sou ministè titèl yo.

Twazyèm desizyon Tout done estatistik yo montre aklè peyi a pèdi anviwon 60 milya goud chak ane sou fwontyè ak Ladwann nan zafè kontrebann. Prese-prese, nou pral travay ak zanmi nan kominote Entènasyonal la, Sektè prive a, ak Lapolis mete ak Responsab Ladwann yo pou nou wè kouman anvan ane sa fini nou ka rive rantre mwatye nan kòb sa. E lajan sa, nou pral gade kouman nap kapab mete l nan pwodiksyon nasyonal, nan bay sibvansayon nan angrè pou peyizan, kredi ak moun kap fè biznis, sa ki se yonn nan mwayen nou genyen pou rive bese dola a.

Katriyèm desizyon : Mwen antann mwen ak Prezidan an pou nou kraze tout monopòl, pou nou pwoteje moun kap travay nan pwodiksyon nasyonal la, gwo tankou piti (tankou moun kap pwodui ze, patat, diri elatriye). Nan sans sa, prese-prese, mwen pral gen yon rankont ak moun ki gen gwo biznis nan peyi a men ki nan pwodiksyon nasyonal pou wè ki gwo desizyon nou kapab pran ansanm pou kreye plis djòb pou bese dola, elatriye …

Senkyèm desizyon : Mwen antann mwen ak Prezidan an pou rankontre tout moun ki se pwopriyetè faktori yo pou diskite avek yo e pou gade nan ki sans nap kapab fè yon efò anplis pou nou manyen salè minimòm pou ouvriye ak ouvriyèz yo jwenn yon alemye.

Sizyèm desizyon (N ap kontinye aji sou dosye Petwo Karibe a) : Depi lè m rive kòm Premye Minis, mwen ranmase premye rapò Palman te pibliye yo. Mwen te apiye ak tout fòs mwen Kou Siperyè Dèkont ki fenk soti yon lòt rapò sou dosye Petwo Karibe a. Koulye a, pou nou al pi vit, e pou pemet peyi a rive jwenn lajan ki pedi nan Petwo Karibe a, m ap anonse :

Nominasyon prese prese yon nouvo Direktè UCREF, yon nouvo Direkte ULCC
Komisè Gouvènman an pwal pran aksyon pi vit sou dosye Rapò Kou Siperyè Dèkont la ;
Ke CSPJ a mete plis Jij pou travay sou dosye Petwo Karibe a.

Setyèm desizyon : Nou pral mete kanpe e rann fonksyonèl tout bon vre Konsèy Administrasyon ki nan tèt òganis otonòm leta yo, pou anpeche yon Direktè koupe rache jan lide l dil. Fòk gen moun serye ki soti nan sosyete sivil la ki vin ranfòse Konsèy Administrasyon sila yo nan founi je gade.

Nevyèm desizyon : Nou pral chita ak patnè entènasyonal yo, ak BRH, APB, konpayi asirans yo pou refè FDI pou li ka tounen yon Bank Devlòpman pou finanse relans ekonomik lan. Pou bay jènn aksè ak kredi.

Nevyèm desizyon : Annatandan tout mezi sa yo kòmanse bay rezilta, nou gentan etabli yon pwogram dirèk ansanm ak pwodiktè lokal yo, enpòtatè yo ak patnè entènasyonal yo pou nou kase pri pwodwi premyè nesesite yo.

Pèp Ayisyen Menm si nou pran tout mezi nou ta imajine, gen yon sèl solisyon kap dirab : se chita pou yonn gade lòt nan je pou nou pale ansanm, pou nou deside ansanm ki kote nou vle mennen peyi a. Jodia yon lòt fwa ankò nou dwe konsidere moman sa a, peryòd difisil sa a ke peyi a konnen depi 7 fevrye a tankou yon opòtinite ke nou paka rate. Gen ijans ! Nou rate anpil deja ! Annou tout fè jefò pou nou bliye sa ki divize nou…
Annou poze pwoblèm viv ansanm nan ! Pa gen wout pa bwa, pa gen 2 solisyon ! Se yon sèl ki genyen ! Se chita pale pou nou ka deside ansanm sa nou vle fè de nasyon an…
Mèsi anpil !!! Viv Ayiti ! Viv Pèp Ayisyen an !

LAISSER UN COMMENTAIRE

Please enter your comment!
Please enter your name here